User:Rex-Widno

From Wikimedia Incubator

Abitasyon[edit | edit source]

Istwa mo sa[edit | edit source]

Abitasyon se yon mo ayisyen prete nan lang fransè a (habitation).

definisyon[edit | edit source]

Abitasyon dezinye tè (domèn) moun genyen yo ka rete ladan ( wè vèb abite). Abitasyon dezinye tou sa ki lye ak tè a: plantasyon, jaden... Se pou sa yo rele abitan moun ki gen abitasyon an.


Remak Nan kreyòl ayisyen an gen anpil defòmasyon. Se sa ki fè anpil moun di bitasyon olye de abitasyon.

SenpPliryèl
abitasyon abitasyon yo

Sinonim[edit | edit source]

Lakou,

Ekspresyon ak mo sa[edit | edit source]

  • Sa se abitasyon gran papa nou mouri kite pou tout fanmi an.

Nan fraz sa, abitasyon sèlman vle di yon gwo moso tè kiltive.

  • Nenpòt moun ki menase'm, se nan bitasyon mwen pou'm regle sa.

Nan fraz sa abitasyon pa sèlman vle di tè, li fè panse ak lwa oubyen ginen ki manifeste sou tè sa.

Wè tou[edit | edit source]

abitan, abite, lakou

lyen ak mo sa[edit | edit source]

abitan, abite

Tradiksyon nan lòt lang yo[edit | edit source]

tradiksyon na pe twouve