Wt/ht/Gramè

From Wikimedia Incubator
< Wt‎ | ht
Wt > ht > Gramè

Kouman pou nou ekri epi pwononse kreyòl ayisyen[edit | edit source]

Dapre Iv ak Pòl Dejan nan liv ki rele (EKRI KREYÒL FASIL), nenpòt moun kapab ekri kreyòl avèk twa ti prensip sa yo

Men lèt nou jwenn ki ret nan wòl yo, nan pawòl nou fèk li yo:


Prensip 1: Chak lèt ret nan wòl yo[edit | edit source]


a  nan: katreven, drapo, ap, aprann, chak, ak, twa, aba, lavi, lamizè, pàn, lagè, travay.
an  nan: san, aprann, nan, kouran, lasante, manje, grangou
b  nan: aba
ch  nan: chak, cho
d  nan: drapo
e  nan: me, katreven, inivèsite, se, elèv, pwofesè, ekri, kreyòl, montre, lasante, manje, lekòl, ret
è  nan: nèf, fèt, elèv, pwofesè, lèt, chè, lamizè, lapè
en   nan: katreven, fen, prensip, lenjistis
f  nan: nèf, fèt, fen, pwofesè
g  nan: lagè, grangou
i  nan: dizwi, mil, inivèsite, viv, lavi, lamizè, lenjistis, ekri, ti, prensip
j  nan: lenjistis, manje
k  nan: katreven, ekri, kreyòl, chak, kouran, lekòl
l  nan: mil, elèv, kreyòl, lòt, lèt, wol, lenjistis, lavi, lamizè, lagè, lasante, lapè, lekòl
m  nan: me, mil, moun, montre, lamizè
n  nan: nèf, inivèsite, moun, aprann
o  nan: drapo, yo
on  nan: onz, montre
ou  nan: tout, moun, kouran, pou
p  nan: drapo, pwofesè, ap, prensip, pan, lapè
r  nan: katreven, drapo, aprann, ekri, kreyòl, montre, prensip, ret, kouran, travay
s  nan: inivèsite, se, pwofesè, prensip, lenjistis, lasante
t  nan: katreven, fèt, inivèsite, tout, montre, lèt, twa, ti, lòt, ret, travay
ui  nan: dizwi, (dizwit lè li tousel )
v  nan: katreven, inivèsite, elèv, lavi, viv, travay
w  nan: pwofesè, twa, wòl
y  nan: kreyòl, yon, yo, travay
z  nan: dizwi ( dizwit), onz

Prensip 2: Chak son ekri menm jan[edit | edit source]

Chak son ekri menm jan

Anpil egzanp montre nou sa twazyèm prensip la ye, espesyalman lè nou gade dènye lèt ki parèt ladan yo. Twazyèm prensip la se:


Prensip 3: Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil[edit | edit source]

Nou wè sa nan: bab chich rad nèf nèg paj chak mil chanm moun ap aprann lenjistis tout viv kaw travay onz. Kalkile prensip sa yo byen. Gade ki jan tout koze ki nan fèy sa a ekri. Suiv modèl yo byen. Epi, ekri tout bèl pawòl ki nan tèt nou, fasil.




Koutwazi : Biwo Nasyonal Alfabetizasyon ( 18 me 1991 )