Jump to content

Wt/ht/Boulanje

From Wikimedia Incubator
< Wt | ht
Wt > ht > Boulanje

Wt/ht/Boulanje

Definisyon

Boulanje Yon kay ki gen yon fou andedan li e moun itilize pou kwit pen, gato, bonbon, e latriye. Nan gwo vil Ayiti yo, anpil boulanje gen yon fou an metal ki brile gaz ou byen elektrisite. Nan vil pwovens yo, moun yo fè fou yo avèk labou e wòsh ou byen mòtye e wòsh ou byen brik. Fou sa yo gwo anpil e yo kapab anfounen anpil plato pen an menm tan.




Referans

Pou ale pli lwen gade referans ak koutwazi sa yo pou mo sa a:

"Atik sa a manke sous !"
"Atik sa a manke referans !"